Kreyol : Se yon lang ki pran nesans an Ayiti pa yon gwoup fam e gason .....
Jean Emmanuel Jacquet siyen dènye rekèy powèm li a ki rele « Depresyon », jou ki te samdi 23 janvye 2021 an, nan sal konferans Michel Soukar C3 éditions an, ki Delmas 31. Rekèy sa a ki te pibliye nan fen ane 2020 an nan C3 éditions atire atansyon. Rekèy powèm sa a abode plizyè tematik, tankou vodou, kriz sosypolitik yo, konfli ant klas yo, konfli ant pati yo ke yo a dwat oubyen a goch. Vant siyati a te yon moman fyète pou powèt la.
Publié le 2021-01-27 | Le Nouvelliste
[Premye pati entèvyou a] Jacques Pierre : Èske w kapab di de twa ti mo sou pakou w pou w rive nan Massachusetts Institute of Technology (« MIT ») ?
Akademi Kreyòl Ayisyen an selebre 5è anivèsè l
Akademi Kreyòl Ayisyen an selebre 5è anivèsè l, jodi 4 desanm 2019 la, nan lokal li, nan ri Marguerites, Turgeau. Sa fè 5 lane depi Leta ayisyen te kreye enstans sa nan peyi Ayiti pou regile lang kreyòl la. Nan okazyon sa, responsab yo te òganize yon jounen pòt louvri, epitou pale ak laprès sou tout sa akademi an reyalize deja pandan 5 lane pase yo, ak sa yo genyen pou yo reyalize nan lane k ap vini yo.
Ayiti/Edikasyon
Platfòm MIT-Ayiti : yon fowòm pou bon jan edikasyon nan lang manman nou
25 Jedi 20 jen 2019 la te bay fanatik lekti yo randevou pou 25e edisyon Livres en folie. Yon kokennchenn festival liv ki rasamble chak ane sou koze kilti tout kouch moun nan sosyete ; elèv, etidyan, profesè te jwenn plas pa yo anndan parc Unibank, nan Tabarre. Yon group profesè ki sòti nan inivèsite Massachussetts Institute of Technology (MIT) te prezante yon seri liv syans an kreyòl. Group chèchè sa yo gen projè yon fowòm pou rasanble dokimantasyon nan lang kreyòl