MosaikHub Magazine

Ayiti/Edikasyon Platfòm MIT-Ayiti : yon fowòm...

jeudi 18 juillet 2019 par Charles

Ayiti/Edikasyon
Platfòm MIT-Ayiti : yon fowòm pou bon jan edikasyon nan lang manman nou
25 Jedi 20 jen 2019 la te bay fanatik lekti yo randevou pou 25e edisyon Livres en folie. Yon kokennchenn festival liv ki rasamble chak ane sou koze kilti tout kouch moun nan sosyete ; elèv, etidyan, profesè te jwenn plas pa yo anndan parc Unibank, nan Tabarre. Yon group profesè ki sòti nan inivèsite Massachussetts Institute of Technology (MIT) te prezante yon seri liv syans an kreyòl. Group chèchè sa yo gen projè yon fowòm pou rasanble dokimantasyon nan lang kreyòl

Mete sou pye yon platfòm nimerik ki pral pèmèt broukante bon jan enfòmasyon sou ledikasyon ; se nan lide sa sa group lengwis ki etidye nan depatman Lengwistik ak filozofi anndan inivèsite Massachussetts Institute of Technology (MIT) yo vle lanse Platfòm MIT-Ayiti. Fowò sila ap gen pou objektif pou rasanble, evalye, seleksyone, revize, kreye, òganize ak pataje bon jan done, materyel ak dokimantasyon nan lang manman nou. « N ap chache materyèl an kreyòl nan tout matyè nan tout nivo depi yo konfòm ak program ofisyèl Ministè Edikasyon nasyonal », se kri sa yon nòt Platfòm MIT-Ayiti a rann piblik.
« Tankou yon konbit ki gen pou misyon pou retabli edikasyon nan lekòl nou yo sou 2 pye militè yo, Platfòm sa pral chache soude tout edikatè yo, anseyan yo, aktè responsab nan edikasyon yo ki gen sousi pou prodwi ak pataje konesans ak matyè nan lang zanset nou yo », selon sa Michel DeGraff, profesè lengwistik eksplike nou. Platfòm MIT-Ayiti ki dwe lanse nan mwa Out 2019, ap gen pou mete sou projektè reyaksyon anseyan, nòmalyen, administrate eskolè ki bay jarèt, propozisyon ak lide pa yo, si n kwè sa M. Degraff di nou.
Dirijan Platfòm MIT-Ayiti yo fè konprann nan nòt la y ap chèche 2 kategori dokimantasyon nan lang kreyòl. Tou dabò materyèl ki pou sèvi nan matyè k ap anseye nan sal klas, kè l ke swa nivo a- soti nan 1e ane fondamantal rive nan bakaloreya, nan nenpòt ki matyè- ke se swa matematik, syans natirèl ou syans sosyal, elatriye. Answit, syantifik MIT-Ayiti yo vle rasanble materyèl pou profesè ki ta renmen sèvi ak pi bon metòd nan sal klas nan sousi pou ranfòse metòd aprantisaj yo.
Nan yon lòt bò, Platfòm MIT-Ayiti deklare louvri yon lòt Batay Vètyè ki pral fini pa kraze baryè kolonyal yo ki toujou favorize yon ti gwoup ‘’elit’’. Gras ak kolaborasyon Abdul Latif Jameel World Education Lab, fowòm sila pral yon bon ekzanp kolaborasyon ant peyi « Nò » ak peyi « Sid », selon sa nou aprann nan ti pale ak M. Degraff. Nan yon konkou youn pou lòt pou yon lòt sistèm edikasyon, Platfom MIT-Ayiti ap mande ‘’yon grenadye alaso’’ a chak anseyan, edikatè, pandan li envite yo reyaji, kolabore ou rejwenn fowòm nan sou haiti.mit.edu ou sou mit-haiti@mit.edu ou sou Facebook ak sou Twitter.
Profesè Degraff te parèt trè satisfè aprè patisipasyon Platfòm MIT-Ayiti nan 25e edisyon Livres en folie kote yo te profite pou ekspoze yon seri liv syans na lang kreyòl, pami ladan yo yon gid syans fizik e pataje yon CD alfabè kreyòl ak vizitè yo.

Junior Pinvin pinvinj@gmail.com
Auteur


Accueil | Contact | Plan du site | |

Creative Commons License

Promouvoir & Vulgariser la Technologie