MosaikHub Magazine

Poster un message

En réponse à :

Fowòm sou dwa lengwistik timoun lekòl

vendredi 11 novembre 2016

Nan kad travay Akademi an pou fè respekte dwa lengwistik ak dwa kiltirèl tout Ayisyen, li toujou ap chèche enfòmasyon sou pratik lang kreyòl nan sosyete a. Se konsa, nan mwa fevriye 2016 la, li resevwa temwayaj kèk responsab òganizasyon dwa timoun ansanm ak òganizasyon pwofesè lekòl ki denonse vyolans yo ap fè sou timoun lekòl k ap pale kreyòl nan lekòl. Konsa, yo mande Akademi an di yon mo devan gwo pinisyon elèv yo ap sibi paske yo ap pale kreyòl. Gen direksyon lekòl ki menm rive menase paran yo pou di y ap mete timoun yo deyò nan fen ane lekòl la.
Konsa, jou vandredi 16 septanm 2016 la, Akademi an ansanm ak Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP), Ofis Pwoteksyon Sitwayen (OPC), Enstiti Byennèt Sosyal ak Rechèch (IBESR), Fakilte Lengwistik Aplike (FLA) ansanm ak plizyè pwofesyonèl nan kesyon edikasyon ak dwa moun (sikològ, travayè sosyal, sosyològ, direktè, pwofesè, elatriye) te reyini nan otèl Le Plaza nan kad yon fowòm pou brase lide sou vyolasyon dwa lengwistik timoun yo anndan lekòl ak konsekans grav sa ka genyen sou devlòpman yo.

Nan fen jounen refleksyon sa a, patisipan yo te fè konsiderasyon sa yo : lang kreyòl la se lang ofisyèl peyi a (atik 5, Konstitisyon 1987) ; anplis, lang kreyòl la dwe sèvi ni kòm zouti ni kòm matyè pou ansèyman nan sistèm edikatif la (sikilè 1980), san konte se lang tout elèv ayisyen konnen byen ; yo dwe itilize li pou yo vanse nan konesans ak nan aprantisay san baryè. Konsa, patisipan yo pran rezolisyon pou mande responsab yo pote chanjman nan sistèm nan pou byennèt ak devlòpman timoun yo :
1- Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP) dwe :
a) regilarize kesyon lang nan lekòl yo ann Ayiti ;
b) fòme pwofesè yo pou ansèyman lang matènèl ak ansèyman lang etranjè ;
c) pran yon seri mezi ki soti nan senp avètisman rive nan wete lisans lekòl, kont lekòl ki
gen pratik maltrete timoun ki ap pale kreyòl ;
d) vini ak yon lwa ki egzije itilizasyon materyèl pou edikasyon yo an kreyòl ;
e) pèmèt epi fòse ansèyman premye sik fondamntal la fèt nan lang kreyòl ;
f) ankouraje piblikasyon materyèl nan tou de lang ofisyèl peyi a pou timoun yo pran
konesans alèz ;
g) mete enspektè espesyal pou kontwole si lekòl yo suiv pwogram Leta prevwa yo ;
h) pran dispozisyon pou timoun yo jwenn egzamen ofisyèl yo nan tou de lang ofisyèl yo ;
i) aplike lwa 10 septanm 2001 an ki egzije pou moun kaba ak tout chatiman sou timoun ;
j) travay ansanm ak Akademi Kreyòl pou yon veritab amenajman lengwistik nan lekòl yo.
2- Palman an dwe :
a) travay sou lejislasyon eskolè peyi a ;
b) mete lwa pou tout moun ak tout enstitisyon nan peyi a respekte dwa lengwistik tout
Ayisyen.

3- Tout enstitisyon nan Leta dwe :

a) apiye paran yo pou lè gen ka abi ak diskriminasyon pou yo konnen gen kote yo ka pote plent.
b) respekte sa Konstitisyon peyi a mande sou itilizasyon tou de lang ofisyèl peyi a : se pou tout enstitisyon yo pibliye tout kominikasyon, tout anons, kit se sou medya sosyal kit se sou papye, nan tou de lang ofisyèl peyi a.
4- Akademi Kreyòl Ayisyen (AKA) dwe :

a) fè yon fowòm nasyonal kote l ap envite enstitisyon konsène yo ki nan tout 10 depatman peyi a ;
b) mete kanpe yon obsèvatwa ak plizyè lòt enstitisyon pou veye kouman lwa sou itilizasyon lang nan fè chimen li epi pou yo evalye evolisyon lang kreyòl la ;

ch) sansiblize medya yo, lekòl yo, legliz yo nan yon travay tèt ansanm ak Ministè Kilti pou fè yon gwo kanpay sansiblizasyon sou kesyon lang kreyòl la ak dwa lengwistik.


Accueil | Contact | Plan du site | |

Creative Commons License

Promouvoir & Vulgariser la Technologie