MosaikHub Magazine

Poster un message

En réponse à :

Marie Jocelyne Trouillot, Kreyol la se avni Ayiti

mercredi 8 juillet 2015

Dieulermesson PETIT FRERE Le Nouvelliste (L.N.) : On sait que vous êtes rectrice de l‘Université Caraïbe, vous dirigez une maison d’édition (les Editions CUC Université Caraïbe) et que vous vous adonnez beaucoup à la production créole. Qu’est-ce qui vous pousse à faire partie de l’Académie ? Marie Jocelyne Trouillot (M.J.T.) : D’abord, je tiens à souligner que mes propos seront exposés dans les deux langues du pays. En général, j’utilise presque exclusivement le créole dans mes écrits et je profite pour saluer les efforts timides, il est vrai, que Le Nouvelliste fait en ce sens. Je constate que, de plus en plus, on peut noter l’émergence du créole dans un titre, un article. Bèl avans pou nou tout ! Mon entrée à l’Académie n’est pas venue d’un coup. D’abord, il y a eu les hésitations. Les anciens modèles connus du public bilingue d’ici ne correspondaient pas à ma vision de l’avenir du créole en Haïti. Les progrès récents en sociolinguistique, ma propre expérience et formation en éducation bilingue, tout me poussait à croire en un organisme non pas coercitif, mais accompagnateur. Des professionnels amis, des anciens étudiants qui connaissent mon attachement au progrès de la langue créole m’ont encouragée à devenir membre. Certains compatriotes travaillant depuis longtemps dans la lutte pour le plein développement du créole me rassurèrent en disant qu’eux aussi, ils pensaient à une Académie dynamique, engagée dans la lutte pour que le créole devienne un véritable instrument de développement. Là, je me suis dit, on peut lutter ensemble pour le rayonnement de notre langue, pour qu’enfin les droits linguistiques de chaque Haïtien soient respectés. Alors, je m’embarque. Te m di plis. Nan travay mwen kòm rektris Inivèsite Karayib, kom pwofesè , ekriven, editris, se chak jou m ap viv yon sitiyasyon lengwistik k ap kenbe peyi a dèyè. E se youn nan rezon ki fè m antre nan Akademi an : Jak, yon ti elèv entelijan, pitit yon pechè nan Latibonit, reponn mwen lè m mande l sa fraz ak mo omelette ki nan liv franse l la vle di, li reponn omlèt, se ka yon milèt. Jozèf, yon etidyan ki maton anpil nan branch enfòmatik la, selon tout pwofesè l, ret dèyè nan avansman pwofesyonèl li nan peyi a, poutèt li pa sòti nan fanmi ki pale franse. Disètasyon filozofik Jòjina sa a byen kenbe, ak yon rezonman solid. Li ekri an kreyòl. Yon gwoup elèv twazyèm sik monte yon eksperyans syantifik, tabli ipotèz yo, kondui demach syantifik la epi prezante rezilta yo nan lang kreyòl la. Nan sal pwofesè, tout ansèyan yo admire ti pwezi kreyòl sou Lagonav la Yasmin ekri. Se yon mèvèy. Realite lengwistk sa a merite nou ret sou li. Lè yon timoun, yon jenn fi, jenn gason pa ka devlope tout potansyalite li poutèt yo pa kite l sèvi nòmalman ak lang li, sa fè mal paske se peyi a y ap kòche. Akademi an vle pote kontribisyon pa l pou sa fini, m la ak li. Se dwa yon elèv pou l jwenn yon evalyasyon nan yon lang li konprann, pou l jwenn yon esplikasyon nan yon lang li konprann, pou yo ba li devwa nan yon lang li konprann. Kilè n a konprann, sa pa valab pou peyi pa nou an sèlman. Se yon dwa inivèsèl ki nan Konvansyon Dwa Timoun Ayiti siyen tou. Mwen te gen chans travay nan pwogram edikasyon bileng nan lòt peyi kote paran ayisyen resevwa kanè lekòl pitit yo nan lang kreyòl. Èske sa twò difisil pou n konprann isit ouswa èske se paske sa te konn fèt lontan, pou l kontinye fèt menm jan an ? Akademi an, se yon obligasyon L.N : Comment gérer vos travaux comme rectrice, responsable d’édition, écrivain et académicienne ? M.J.T : Ce n’est pas facile, mais c’est exaltant. Au-delà de mes activités professionnelles quotidiennes, je suis membre actif de plusieurs associations nationales et internationales. Je délègue autant que je peux, me concentrant sur les tâches prioritaires et qui méritent mon attention personnelle. Heureusement qu’on est une bonne équipe. Chacun aide à sa façon. M pran abitid ekri sa k pou fèt sou yon tablo pòtatif ki sèvi ak makè ki ka efase. M kite l sou biwo m ak bò tèt kabann mwen, ansanm ak Ipad mwen. Tablo a konn plen jistan pa gen kote pou m ekri. Men se gwo satisfaksyon chak fwa m rive efase youn ou de liy. M konn klase lis tach yo tou pa kategori : pèsonèl, inivèsite, edisyon, akademi, ekriti, eksetera men m remake lè m ekri sa k gen pou fèt nan lòd yo vini nan tèt mwen, sa bon anpil. Kanta pou ekri, m ekri nenpòt ki kote, nenpòt kilè, nan aewopò, nan avyon, nan machin, toupatou. Mwen menm gen yon rekèy ki pou parèt ki rele Sal Datant sitèlman m pa pèdi tan pandan m ap tann nan yon biwo, kesyon tou pou m pa tounen pwatann. Zotobre pa toujou gen tan. Kanta Akademi an, se yon obligasyon pou mwen, sinon, se pale met la. Konba kont apated lengwistik, se konba pou pwogrè L.N : En quoi consiste véritablement votre rôle au sein de l’institution l’Académie ? M.J.T : D’abord en tant qu’académicienne, c’est de participer activement à la campagne pour que le créole soit utilisé à l’écrit comme à l’oral dans tous les domaines : santé, éducation, justice, environnement, etc. Cependant, je voudrais parler ici d’une des missions que je me suis personnellement proposée : faire en sorte que les droits linguistiques des femmes haïtiennes soient respectés et qu’elles participent davantage dans la résolution des problèmes liés à l’utilisation des langues dans le pays. En tant que rectrice d’université, je m’efforce quotidiennement à travailler à la promotion des femmes dans l’enseignement supérieur. Je continuerai le même combat à l’Académie. Il y a seulement 5 femmes à l’Académie qui compte 33 membres au total. Actuellement, je suis membre du conseil d’administration qui sert de lien entre le conseil académicien et le secrétariat exécutif. Yon diplis. Akademi Kreyòl la gen 33 manm (li ka rive jiska 50) yo rele Konsèy Akademisyen an. Nou 5 fi sèlman. M rele gwoup la grenn 5. Se kòmkwa tout kote, fi yo se yon minorite bèbè alòske yo se yon majorite ki ta dwe ap pale, ap rele sou koze dwa fanmi yo, dwa pitit yo, sou koze lang. M kwè toutotan fi yo pa rantre nan batay kont apated lengwistik ki egziste Ayiti a, nou pap fè gwo pwogrè. Pami 33 manm yo, gen 7 nan nou ki nan Konsèy Administrasyon an, yon enstans ki la pou bay oryantasyon estratejik e pou asire li, gen bon jan mezi ki pran pou Akademi an fonksyone byen. Kòm manm konsèy Administrasyon an, n ap travay san souf pou n ka fè akademi an touche tout sektè. Mwen ede nan komisyon kominikasyon an tou ki gen yon gwo wòl pou l jwe nan fè konnen sa akademi an ap fè, pran kontak ak òganizasyon leta kou prive, pou tout kote respekte e sèvi ak kreyòl la kòmsadwa. « Lang Kreyòl la lou kou pwa senkant » L.N : Que représente le poids du créole dans l’enseignement de nos jours ? M.J.T : Poids lourd ou poids léger ? Tout dépend de la perspective. Poids lourd parce que, langue de la majorité, on doit en tenir compte inévitablement. Poids lourd parce que, compte tenu des préjugés et des intérêts de certains, la langue créole est encore considérée comme une langue inférieure. Elle ennuie, elle fait peur. Ce qu’elle peut peser ! Poids léger, quand on ne fait aucun cas du créole dans les documents écrits ; poids léger, quand, par ignorance ou par hypocrisie, on répète après Delorme que ce pays parle français. Juste un regard autour de nous peut nous ramener à la réalité. Beaucoup d’Haïtiens peuvent encore passer toute leur vie sans avoir jamais appris ou même sans avoir jamais été en contact avec la langue française. Pwa, Pwa, si n kontinye, n ap bwè pwa Lang Kreyòl la lou kou pwa senkant, chaje kou batiman titanik, men anpil moun meprize l kou chyen. Gen lekòl jiskounye a ki mete siy : l’élève ne doit pas parler créole. Ici, le créole est interdit. Gen pwofesè inivèsite ki jiskounye a twouve se yon afwon si etidyan poze yo kesyon an kreyòl. Gen de milye ak de milye elèv ki pèt lapawòl nan klas, paske yo pa konn pale franse. Gen yon pakèt sèvo yo bloke akòz elèv ak etidyan pa maton nan franse. Pi fò liv yo lage nan men elèv yo ekri nan yon lang yo pa konprann ou pa twò konprann. Jis anvizaje, si nou gen zanmi panyòl pou yo ta bay timoun lekòl peyi ki pale panyòl yo tout manyèl yo an italyen. Si ou rive pale de lang peyi a, sa bèl, men pa janm bliye imilyasyon, tan ak sakrifis sa koute ti zanmi ki te blije kite lekòl akòz yo pa t maton nan lang franse. Yo double, yo triple jis tan anpil fini pa kite lekòl nèt. Lang Kreyol la se avni Ayiti L.N : Quel est, selon vous, l’avenir de la langue créole dans les dix prochaines années en Haïti ? M.J.T : Dans les dix prochaines années, il y a espoir. Nous n’abattrons pas des montagnes mais nous progresserons. Ce progrès sera plus effectif quand les décideurs penseront majorité et non plus Port -au -Prince et une petite élite des provinces. Il peut y avoir progrès quand les institutions de ce pays reconnaîtront les droits linguistiques fondamentaux des Haïtiens et des Haïtiennes, quand on cessera de privilégier à tort la République de Port-au-Prince, république minoritaire, en partie bilingue, je ne saurais dire parlant français. Le nombre de quotidiens et journaux en général est considéré par l’Unesco comme un indice de développement dans un pays, le nombre de lecteurs également. Curaçao lors de ma dernière visite, il y a environ 5 ans, comptait 6 quotidiens en papiamento, le créole de chez eux, à côté de deux quotidiens néerlandais. Sa n ap tann nou menm ? Pou n fini….Avni Ayiti mare vle pa vle ak avni lang kreyòl la. Pa ka gen devlopman san edikasyon, pa ka gen edikasyon tout bon si desidè yo kite sa jan l ye a. Tout timoun ap pale kreyòl, mèt la ap ekri yon pakèt bagay an franse sou tablo a ; atò menm mèt la li menm gen de fwa, pa twò konprann. Yon anekdòt ki ka fè nou wè pi klè. Nan vizite yon lekòl a dezèdtan Pòtoprens, yon gwoup edikatè te konstate tablo yo chaje ak franse, gen de fwa ak gwo erè ladan sa mèt la ekri a. Yo di direktè a : Nou wè pwofesè yo fè anpil franse ak elèv yo. Èske elèv yo fè pwogrè nan lang franse a pou otan ? Direktè a souke tèt li pou l di : Paran bò isit yo se pwoblèm, y ap defèt tou sa n ap fè. Yo mete pawòl pa yo. Youn nan vizitè yo di : Kisa ou kwè ki ka fèt ? Direktè a reponn : Se retire timoun yo nan men paran sa yo. Se sèl jan. Èske direktè a te vle di se pou l ta fèmen timoun yo nan yon ti prizon franse ouswa fèmen paran yo yon kote pou yo pa detenn sou timoun yo ? Nan ti lokalite sa a, akote Pòtoprens pi fò pwofesè yo pa depase nivo twazyèm. Men kouman, n ap pèdi timoun, gaye sèvo yo, naje nan soudevopman. Pap gen avni pou pi fò nan yo si sa kontinye konsa. Men sa ka chanje, sa kòmanse chanje. Menm yon senp aplikasyon refòm Bèna a ka pote anpil rezilta. Bal la nan kan dirijan edikasyon nan peyi a, responsab enstitisyon leta ak enstitisyon prive, òganizasyon paran, elèv ak etidyan pou fè tout moun aksepte de twa lide fondamantal : Timoun aprann pi byen epi pi vit nan lang yo. Lang manman ti ayisyen se kreyòl. Aprann franse ap yon diplis, elèv yo ap pi fasil metrize si yo devlope bon jan konesans nan lang kreyòl la. Si paran ayisyen ki bileng ouswa ti gout bileng yo te konnen tout benefis ki genyen lè yon timoun aprann li nan lang matènèl li, sitou ak yon òtograf ki pi regilye lontan pase òtograf franse a, yo ta kouri mande anpil direktè yo chanje sa y ap fè a. Timoun yo va aprann franse pi fasil, san konplèks, pandan y ap pale kreyòl san wont, y ap renmen fè lekti, y ap renmen lekòl e y ap vin renmen peyi yo pi plis e sitou, y ap renmen tèt yo. Tout etid pwouve sèvo timoun ki aprann konsa pi devlope. Libere lang la, libere Ayiti. Libere timoun yo. Ti pawòl fè gran Zefè, jan zòt di lakay li. -

Dieulermesson PETIT FRERE dpetitfrere@lenouvelliste.com


Accueil | Contact | Plan du site | |

Creative Commons License

Promouvoir & Vulgariser la Technologie