MosaikHub Magazine

Lettre ouverte d’un membre du RDNP à Eric Jean-Baptiste

jeudi 20 juin 2019 par Charles

Jeudi 20 juin 2019 ((rezonodwes.com))–
Québec, jou ki madi 18 jen an
Lèt tou louvri pou mouche Eric Jean-Baptiste
Sekretè Jeneral Pati RDNP
Nan biro li
Mouche Eric Jean-Baptiste,

Nan kalite sekretè jeneral Pati politik Rasanbleman Demokrat Nasyonal ak Pwogresis (RDNP), mwen salye ou ak yon kout kita yon kout nago nan memwa papa nachon an Anperè Jan Jak Desalin ak nan memwa lidè karismatik pati RDNP a profesè Lesly F. Manigat.

Mwen pran tan pou ekri ti lèt sa pou mwen eksprime’w dezakò mwen avè’w suit ak pozisyon ou pran nan non RDNP jounen madi 18 jen an nan emisyon « envite di jou » nan mikro jounalis Valery Numa. M jwen’n lejitimite poze zak sila paske mwen se non sèlman yon manb aktif pati RDNP depi douz lane (2007-2019) e yon ansyen responsab tou.
Mouche Eric,
Kite’m koumanse pa di’w kijan mwen etone tande yon chèf pati politik kap pale tankou nenpòt ki endividi nan yon moman kote tout sosyete a anboulatcha anba yon kriz. Yon lidè politik dwe toujou mezire konsekans pawòl li yo sitou si yo pral di an piblik sou yon konjonkti kipa piti. Politik fèt de anje e aktè politik yo dwe toujou mezire anje sa yo pou pa eksploze sosyete kote anje sa yo ap tete lang.
Mouche Eric,
M rete kwè ke ou okouran de tout deba pawòl ou yo leve nan peyi a ak nan pwòp pati nou kise RDNP. Si se vre ou tap pale kèk bon koze men ou te kite plane dout tou sou motivasyon reyèl ou ak fòm ou tap bay diskou ou tap pote a. Ki enterè diskou sa pou RDNP ? Nan ki sans ou panse ou tap ede RDNP van’n lide li yo kòm altènativ fas ak kriz sa kap fini ak peyi a ? Se vre anpil aktè sou teren politik la pa inosan nan kriz la men vini ak lojik sourit, rat ak chat pou montre ke se pa prezidan Jovenel ki pwoblèm lan fè ke diskou ou a parèt patizan, li montre a klè ke wa’p eseye pran defans yon prezidan ki pèdi tout lejitimite li douvan je popilasyon an. Ma’p raple’w ke kò’m chèf nasyon an, garan enstitisyon yo, non prezidan an pat dwe janm site nan gwo koken’n chen’n dosye koripsyon sa ki mete peyi a ajenou : dosye Petro Caribe a ! Se yon kesyon etik ak moral politik ke sèl lajistis ka fè limyè sou li.
Dosye sila, mouche Eric, mete popilasyon ayisyèn lan an kòlè e toupatou menm nan djaspora a yo leve kanpe pou mande arete vòlò yo. Anpil kategori moun nan lari a jounen jodia : jenès la, peyizan yo, ouvriye yo, sosyopwofesyonèl yo, anplwaye leta yo, sendikalis yo, pwofesè lekòl ak inivèsite yo, ekriven yo, òganizasyon dwa moun yo, dirijan legliz yo, manb sektè prive a, polisye yo pou nou site sa yo sèlman. Alòs, eksplikem kouman fè ou jwen’n fòs pou di ke batay pèp la pap ale pyès kote paske anken’n moun pap ale nan prizon ? Men’m si yon moun ta fou poul ta kanpe di’w sa ou ta dwe ba li garanti ke anyen pap ka anpeche pwosè sa fèt paske pèp la mobilize pou fini ak sistèm peze souse sa. E pèp kap batay pakon’n pèdi.
Kidonk, lè’w vini pote yon pawòl konsa nan radyo e san rekil ankò ou montre a klè ke’w pako konpran’n anyen nan sa kap fèt nan lari a. Apèl ou a te dwe yon apèl a vijilans, yon apèl pou te mande moun ki nan lari yo sitou jèn yo kap tonbe anba bal nan manifestasyon ak nan katye popilè yo pou yo ta kale je yo sou plan ki ta ap desine sou lit yo a. Li pat dwe fòm pawòl sourit, rat ak chat ou tap pale a. Lè’w fè sa ou desan’n pati politik ou reprezante a nan nivo ki pi ba a.
Mouche Eric,
Kitem di’w tou ke kapasite pa’m ak metye’m kòm antwopososyològ pèmèt mwen konpran’n lojik chak aktè andidan yon sistèm. Pozisyon’w lan pat inosan, ou jis tap eseye pozisyone’w nan kriz la. Ou bliye ke Pati ou tap pale nan non’l lan gen yon kòz ak yon ideyoloji lap defan’n epi pote depi plis anviwon 40 lane. Men, kite’m padone’w paske si RDNP te rete nan liy pwofesè Lesly Manigat a epa ou kitap sekretè jeneral pati a jounen jodi a. Mwen pa vle’w konpran’n ke map minimize kapasite ou paske se pa sa li ye men m vle’w konpran’n ke yon lidè ki pat chita nan yon lekòl andoktrinman politik men’m jan pwofesè Manigat te kon’n abitye fèl andidan pati a paka remèt mye ke sa. Konnen ke’w ka bouke save men depi’w pa andoktrine ni pase andidan yon lekòl politik ou pap fouti ka yon vrè lidè politik. Istwa Lula, Chavèz, Sankara ak anpil lòt ankò ka ba nou rezon sousa. Ou se yon pitit deyò, li lè li tan pou bouske entegre’w andidan fanmi an paske bèlmè ak pitit andan pap fè’w kado. Politik pa jwèt timoun piti.
Mouche Eric,

Kitem atire atansyon’w sou pwen sila tou : depi lè ou rive nan tèt RDNP ou ka konstate ke gen yon van divizyon kap renye. Ki aksyon ou tanmen pou jere kriz entèn sa ? Anyen. Men kijan fè ou ka ap jwe wòl medyatè nan bouske rezoud yon kriz ke men’m moun ki ba ou manda a pavle rezoud ? Jounen jodia dim ki aksyon konkrè ke mouche Jovenel Moise poze pou montre volonte li gen tout bon pou pwosè petro caribe a fèt ? Dim kijan fè batay kap fèt tout kote nan mond lan la kont koripsyon ap bay rezilta epi pou rete kwè ou menm ke batay pa pèp ayisyen an pap pote fri paske li son batay sourit, rat ak chat ? Pouki kòm lidè politik kite ale nan yon rankont ak yon seri aktè politik sou yon konjonkti politik pat bouske konsète sou sa ki te di nan rankont sa nan kad yon asanble jeneral andidan pati a ? Pouki ou te kouri tou cho tou bouke vini lage anpil sa ki te diskite yo nan kad yon emisyon piblik ? Ki kote lejitimite fabrike sa sòti ? Anplis tout aktè ki te la yo di se divèsyon wap fè ? Eske sa vle di ke se tout aktè ki te prezan nan rankont sa ki malonèt oubyen ou men’m osinon direktwa RDNP a gen yon lòt pwojè nap defan’n ?
Boutonfen, m rete kwè ke prese prese dwe gen yon eklèsisman ki pote sou priz de pawòl ou yo andidan pati a pou pa rive eksploze’l pi plis ke jan li ye la. Direktwa a ka remake ke depi maten an gen anpil lèt demisyon kap vini jwen’n li suit ak pozisyon ou an kita sanse ap pran pati pou yon rat ke chat vle manje ? Nan ka kontrè m ban ou garanti ke lèt demisyon pa’m lan ap rive jwen’n direktwa a tou. Pozisyon RDNP dwe chita sou baz ke ni sourit, ni rat ni chat tout dwe kadnase yon kote pou pèmèt ke manje nan kay la rete entak e pou tèt, pye ak ke sourit osinon rat ke chat fin manje pa ap penpennen nan kay la. Se konsa pou’n rive kraze sistèm peze souse a. Ke aktè ki di yo blan kon nèj yo oze kanpe pou mande kòt kòd Petro caribe a ?
Pandan map swete ke’w pami aktè sa yo, mwen mande pou resevwa avèk anpil sajès salitasyon patriotik mwen yo mouche Eric Jean-Baptiste, sekretè jeneral pati RDNP. Ewa !
Dahney Corielan, av.
Manb pati RDNP.
Youn nan ensoumi yo


Accueil | Contact | Plan du site | |

Creative Commons License

Promouvoir & Vulgariser la Technologie