MosaikHub Magazine

Lide repibliken oubyen lide rasis degize !

lundi 10 décembre 2018 par Charles Sterlin

Odette Roy Fombrun ekri yon tèks, "Odette Roy Fombrun invite", kote li di se te twa diktatè (Dessalines, Christophe ak Duvalier) ki enpoze drapo nwa e wouj la sou peyi a epi a chak fwa popilasyon an fè yon soulèvman espontane pou li retabli drapo ble e wouj la.

National -

Odette Roy Fombrun eksprime yon opinyon rasis ki vle fè kwè depi yon moun nwa pran pouvwa a avi se yon diktati li etabli, alòske si yon milat pran pouvwa a avi se demokrasi a kap vanse.
Fòk nou sonje se premye Konstitisyon peyi a, konstitisyon enperyal 1805, ki ofisyalize drapo nwa e wouj la, ki te deja la depi Bwa Kayiman, pou te senbolize moun nwa pral soti nan esklavaj.
Pou yo enpoze drapo ble e wouj la sou peyi a, se yon koudeta yon sektè nan elit la fè. Sektè sa a te gen nan tèt li yon milat, Alexandre Pétion, ki pase 11 an opouwa ; se li ki kreye laprezidans avi an n Ayiti, an 1816, se li ki premye prezidan avi.
Avan Duvalier te mete tèt li prezidan a vi, an 1964, li te yon sivil ki rive opouvwa nan yon eleksyon o sifraj inivèsèl an 1957. Pou Pétion ki te yon militè pran pouvwa a, li òganize asasina siperyè li, empereur Dessalines, ak tout pwòch kolaboratè li, nwa kon milat, li fè yon fwod elektoral pou li fè yon lòt siperyè li, jeneral nwa Henry Christophe, vin yon prezidan popetwèl epi li fè bay yon akolit li, yon jeneral milat, Elie Gérin, kanè pou li pa vin prezidan. Alòske rejim François ak Jean-Claude Duvalier a pase 29 an opouvwa, rejim Alexandre Pétion ak Jean-Pierre Boyer a pase 36 an opouvwa. Se vre, prezidan avi François Duvalier se te yon nèg nwa alòske prezidan avi Alexandre Pétion te yon milat, men nou pa ka kalifye yonn kòm diktatè epi nou fè lòt la pase anbachal kòm demokrat.
Diktatè ki fè plis tan opouvwa se pa prezidan avi nwa, Jean-Claude Duvalier, ki te pase 15 an opouvwa, men se prezidan avi milat Jean-Pierre Boyer, ki te pase 25 an opouvwa. Boyer te eritye nan men pwotektè li prezidan avi Pétion, drapo ble e wouj la, ak fotèy prezidantyèl la, ak tout vèv prézidan avi Pétion, Joutte Lachenais, ke Boyer pwal marye avè l.

Boyer se prezidan ki plis bay Leta ayisyen yon mak fabrik anti-demokratik. An 1822, se li ki premye fè ekzekite yon jounalis, Felix Darfour, ki t ap kritike diskriminasyon rejim Boyer a t ap fè. Boyer se prezidan ki plis bay Leta ayisyen yon mak fabrik anti-nasyonal. An 1825, Boyer aksepte pou Ayiti peye Lafrans yon ranson 150 milyon fran ò, dèt endepandans, pou Lafrans ka rekonèt endepandans Ayiti. Boyer se prezidan ki plis bay Leta ayisyen yon mak fabrik anti-pèp. An 1826, Boyer adopte yon Kòd riral ki te tèlman rann lavi peyizan yo difisil, gen istoryen ki panse Kòd riral Boyer a sanble ak Kòd Nwa kolon fransè yo.
Eseye fè fondatè peyi a, Jean-Jacques Dessalines, pase pou yon senp diktatè, alòske se li anpremye ki libere yon pèp nwa, nan yon epòk se dirijan esklavajis ki t ap dirije Lafrans, Etazini, Angletè, ak lòt puisans oksidantal yo, se yon opinyon nostaljik ki vle eseye fè kwè moun nwa fèt pou yo nan esklavaj.
Fòk nou pa konfonn nati fondamantal yon Leta avèk fòm gouvènman an (wa, anperè, prezidan pou yon tan limite, oubyen prezidan avi). Fòm gouvènman plis depann anpil de kouran lide ki alamòd nan epòk la. Pa gen diferans nan fason otoritè yon anperè, yon wa oubyen yon prezidan avi dirije yon peyi, kit li nwa kit li milat. Li lè pou Odette Roy Fombrun, avèk lòt entèlektyèl revizyonis yo, sispann fè pwopagann pou yon seri de lide rasis sou pretèks yo se lide repibliken.

Garaudy Laguerre Port-au-Prince, 1/12/2018
Auteur


Accueil | Contact | Plan du site | |

Creative Commons License

Promouvoir & Vulgariser la Technologie