MosaikHub Magazine

Diskou Premye minis Jean-Henry Céant lavèy 17 oktòb

mercredi 17 octobre 2018 par Charles

Pèp ayisyen,
Tout konpatryòt mwen yo,
Jodi a, yon mwa apre mwen fin pase diskou politik jeneral mwen devan lachanm, mwen panse li enpòtan pou mwen vini fè yon pale avè nou.

National -

Pale sa a enpòtan anpil paske nan yon demokrasi fòk sitwayen yo tande dirijan yo, fòk dirijan yo tande sitwayen yo.
Jodi a se yon jou espesyal, se lavèy anivèsè lanmò papa peyi nou Jean Jacques Dessalines. Se lavèy jou pou nou tout sonje sa Lanperè a te reprezante pou nou, kijan lide li yo rete vivan jouk jounen jodi. Solidarite youn ak lòt , inite nasyonal, enklizyon tout pitit peyi a, remete kanpe ekonomi peyi a.
Men fòk mwen di li tou, gen nan konpatryòt nou yo ki vle pwofite okazyon sa a pou yo manifeste, pou fè tande vwa yo sou kèk pwoblèm ki enpòtan pou lavi peyi. Se dwa yo. Se dwa yo pou yo fè sa nan lapè ak nan lòd. Se pou dwa sa a anpil nan nou te goumen, anpil nan nou ap kontinye goumen. Se yonn nan dwa Konstitisyon peyi a garanti. Menm Konstitisyon sa a tou, garanti chak moun nan peyi a ka viv nan lapè, nan sekirite, ak kè poze tout kote nan peyi a.
Dwa sa yo vle di, fòk pèsòn pa fè moun pè ; Ni nan sa yap di, ni nan sa yap fè. Respè yonn pou lòt se sa ki bay lapè sosyal, se sa ki pèmèt biznis fonksyone, jèn gason ak jèn fanm jwen travay. Sa pèmèt touris vizite peyi a, sa pèmèt kiltivatè vann sa yo produi, sa pèmèt restoran fonksyone. Lapè sosyal bon pou tout moun, bon pou tout peyi a.
Sou lidèship prezidan Jovnèl Moise , gouvènman map dirije a deside pou li akonpaye tout sitwayen ki deside manifeste nan lòd pou defann lide yo. Lapolis ap akonpaye tout manifestasyon ki respekte règ jwèt la. Polis nasyonal nou a ap pwoteje tout sitwayen ki deside viv nan lapè. Tout moun gen dwa manifeste, men fòk li fèt nan respè yonn pou lòt. Se sa ki règ demokrasi a.
Men tou lapolis resevwa lòd pou li aplike sa lalwa prevwa pou tout moun ki deside simaye latroublay nan lavi peyi a ak zak vyolans. Lapolis pap tolere ni vyolans sou moun, ni vyolans sou byen moun. Lapolis resevwa enstriksyon pou li mete lòd nan dezòd. Yon peyi pa ka viv nan enstabilite ni nan krazebrize sou moun ak sou byen moun. Nou konnen pèp la fè anpil sakrifis pou louvri yon biznis, pou achte yon machin, pou bati yon kay. Lapolis pap tolere pou yon gwoup moun deside efase sakrifis sa yo.
Moun ki pran responsabilite òganize yon manifestasyon, pran responsabilite pou manifestasyon sa a pase byen. Li pran responsabilite, lè li depoze papye pou manifestasyon sa pou li di tout moun kap vini manifeste yo, ap fè sa nan respè lalwa. Si gen derapaj, òganizatè manifestasyon sa yo ap responsab dega ki fèt yo. Responsabilite pèsonèl yo angaje.
Konpatryòt mwen yo.
Pèp Ayisyen,
Peyi a rive nan yon kalfou. Oswa li chwazi kontinye travay pou li grandi, pou pitit li yo kreye richès, pou tout pitit li yo santi yo tout ka viv ansanm tankou moun ; oswa li kite demon divizyon, demon latroublay, demon kraze brize antrave devlopman li. Mwen mande tout Ayisyen, tout Ayisyèn, chak manman, chak papa pou yo pale ak pitit yo, ak fanmi yo pou mande yo rete tèt fret, pou mande yo fè nouvo gouvènman an konfyans. Mwen mande nou tout, nan jou anivèsè lanmò Lanperè a pou nou sonje gwo rèv li te fè pou nasyon an :
- Enklizyon tout pitit peyi a..
- Solidarite yonn ak lòt.
- Inite nasyonal.
- Tèt ak kè poze pou rebati peyi nou, pou reba li diyite l.
Se sa papa Desalin te vle,
Se pou sa nap travay.
Se pou ou nap travay.
Viv Ayiti
Nan trankilite, nan lapè, nan fratènite ! Nan lavi miyò pou nou tout.

Jean-Henry Céant Premye minis


Accueil | Contact | Plan du site | |

Creative Commons License

Promouvoir & Vulgariser la Technologie