MosaikHub Magazine
PREZANTASYON AKADEMISYEN YO

Pè Michel Frantz Grandoit mennen yon batay sere sere pou lang kreyòl la kanpe tòf

samedi 28 avril 2018 par Charles Sterlin

Akademisyen Michel Frantz Grandoit prezante lang kreyòl tankou yon siwo myèl ki pa melanje e ki pa pèdi dousè ak vèti l. Li prezante l kòm yon zouti ki tradui pi byen panse chak Ayisyen.

National -

Li se yon pè katolik ki pa rete chita dèyè biwo. Li renmen travay sou tèren pou l ka dekouvri, jan li fè konnen, gwo dousè ki kache nan lang kreyòl la. Akademisyen Michel Frantz Grandoit reprezante sekreteri Deta pou alfabetizasyon nan akademi an. Avèk anpil pasyon, li louvri liv lavi li pou tout moun li san pwoblèm. Pou nou konnen ki kote li soti, ki moun li ye vrèman, kisa li reyalize nan batay pou sovgade bon imaj kilti peyi nou an.

Li fèt nan vil pòtoprens, jou ki te 29 septanm 1945, nan yon ti ri ki rele Ri Jaden, ki genyen nan tèt li katye Posmachan epi nan pye l avni John Brown ki gen ti non jwèt li Lali. Se la li viv pandan li te timoun nan yon katye kote kominikasyon moun youn ak lòt te fèt, prèske toutan, nan lang ki si « tèlman dous la, lang majorite a, lang kreyòl la ». Nan tan sa a, li kontinye kite nanm li pale, tout timoun ki te gen laj li te konn reyini chak swa pou tire kont ak devinèt, ki se gwo richès nou jwenn nan lang kreyòl la.

Akademisyen an kontinye pou di nan lekòl kote li te pase yo tankou kay Frè enstriksyon kretyèn, kote li fè primè epi Ti Seminè Kolèj Sen Masyal ki repite yon lekòl ki fè timoun yo pale franse pa t ka anpeche l, selon sa li di, itilize lang kreyòl la lè li vle. « Pandan mwen t ap vin antre nan jenn gason, mouvman eskout la te pèmèt mwen te fè gwo eksperyans ak lang kreyòl pi plis », daprè sa li ajoute.

Pè Michel Frantz Grandoit pataje yon ti moman lapenn li te viv pandan li te ale etidye nan peyi lòt bò dlo, sitou an Ewòp. « Lè m rive nan kontinan sa a pou etid filozofi ak teyoloji, mwen pa t gen fasilite pou m pale kreyòl chak jou bondye mete. Paske mwen pa t jwenn konpatriyòt. Bagay sa te ban m anpil tèt chaje. Se rankont mwen ak pwofesè Pierre Vernet ki te vin ban m yon souf », daprè temwanyaj li fè. Li pwofite eksplike pi lwen kontak li tou ak anpil lang tankou laten, grèk, anglè, panyòl, alman, italyen ak pòtigè louvri je l sou orijinalite ak mak fabrik lang kreyòl la epi yo pèmèt mwen konpare avantaj ak limit lang pèp ayisyen an tou.

Akademisyen an fè konnen tou, lè l vin kite lòt bò dlo pou retounen nan peyi d Ayiti, li vin twouve l plonje ak tout nanm li nan lavi peyizan yo ak nan lamizè ki nan milye riral la, men an menm tan tou avèk richès san parèy nou jwenn nan eleman enpòtan ki se nannan, poto kwen, kolonn vètebral kilti ayisyèn an. Pè katolik la rakonte li viv plis pase 25 lane nan vale ak plenn Latibonit la epi tou nan montay ki izole andan peyi Dayiti, chenn Mate ak mòn Kawo. Reyalite sa a, selon ave li fè, pèmèt li etidye an detay diferans ki genyen ant fason moun lavil yo pale ak fason moun lakanpay yo pale, ansanm ak langaj an daki moun yo kreye epi devlope nan zòn ki pi lwen anndan peyi a. Kòm pè, vikè epi administratè sis pawas nan dyosèz Gonayiv la, epi akonpayatè ti fratènite legliz yo nan 25 pawas anndan peyi a preske chak jou li te kominike nan lang tout moun konprann nan.

Espesyalis nan tradiksyon kreyòl la rakonte nan mwa jiyè 1985, konferans jeneral tout evèk katolik ayisyen yo te deside nonmen l e angaje l kòm dirèktè egzekitif nasyonal Misyon alfa pou lanse konpay nasyonal alfabetizazyon (1985-1988). Li te kondui tou yon etid sou metòd alfabetizasyon nan lane 1988.

Nan domèn anseyman siperyè ak rechèch, pè Grandoit te prezan kòm pwofesè, kòm chèchè tou . Sitou nan Inivèsite Leta, nan Lekòl nòmal siperyè ak nan ENARTS kote li te dirije l pandan 7 lane, li anseye nan domèn filozofi, estetik, psikanaliz elatriye. Pandan li t ap anseye nan Inivèsite a, li te okipe plizyè lòt pòs kle nan peyi a tankou li te manm kabinè e responsab kowoperasyon ak teknisyen kiben yo, epi kòm konsiltan ouswa konseye teknik sekretè Deta pou alfabetizasyon. Pandan peryòd 2003, li te kowòdone yon kòlòk global sou tout kesyon ki gen rapò avèk jesyon pwosesis alfabetizasyon an.

Emmanuel Thélusma
Auteur


Accueil | Contact | Plan du site | |

Creative Commons License

Promouvoir & Vulgariser la Technologie