MosaikHub Magazine
PREZANTASYON AKADEMISYEN YO

Dominique Barthelemy : yon akademisyen tou nèf

mardi 20 mars 2018 par Charles

Dominique Barthelemy se yonn nan reprezantan Grandrivyèdinò nan Akademi Kreyòl Ayisyen an. Li fè anpil esperyans nan mennen batay pou lang kreyòl la, sitou nan rejyon Nò ak Nòdes. Nan Akademi kreyòl Ayisyen an li pwomèt l ap travay pi plis pou respè ak pwomosyon lang sa.

National -

« Tankou mwen di l deja, travay Akademi an anpil. Fòk nou tout pote kole pou nou rive fikse lang kreyòl la pou li reponn ak tout sitiyasyon syantifik, literè ak atistik nan tout nivo ; devlope yon bon jan politik lengwistik. Pa egzanp travay sou tèminoloji diferan domèn tankou lajistis, lasante… », se objektif sa menm Dominique Barthelemy, pwofesè lang kreyòl nan plizyè lekòl nan depatman Nò a bay tèt li.
Ak 54 rekòt kafe, Dominique Barthelemy, pitit gason komin Limonad, jire poul defann jiskobou lang zansèt li yo. Li pwofite fè konnen li vrèman enpòtan pou nou eksplwate pozisyon transvèsal lang kreyòl la kòm mwayen kominikasyon, zouti devlopman pou nou rive fè travay kolosal sila tankou zansèt nou yo te rive ban nou endepandans.
Avoka militan an prezante tèt li tankou yon veritab pòt pawòl, yon anbasadè lang kreyòl la, sitou nan zòn li soti a. Li fè konnen li te poze anpil aksyon, tankou : lansman plizyè seminè fòmasyon sou òtograf/ ekriti kreyòl pou tout anseyan ki enterese, pou jounalis ak sekretè biwo depatman Nò. Kòm lengwis, pafwa pou pote limyè sou kèk pwen nan lang lan, li di l fè plizyè entèvansyon nan radyo ak nan televizyon nan divès komin nan depatman Nò a, tankou nan Okap ak nan Limonad.
Dominique Barthelemy di l komanse enpoze kreyòl la nan fè pledwaye nan tribinal yo. « Jodi a mwen deside plede kèk dosye penal an kreyòl konplètman, e m ap fè jij avèk avoka yo menm demann nan ; anplis, mwen pral redije rekizitwa difinitf ak akdakizasyon an kreyòl. E m ap akonpànye kèk kòlèg paketye pou yo fè menm jan ak mwen », se deklarasyon sa reprezantan ministè piblik nan pakè Grandrivyèdinò fè.
Mèt Barthelemy fè tout klas segondè l nan lise Philippe Guerrier nan Okap. Lè fini, li fè yon lisans nan Fakilte lengwistik nan Pòtoprens ak yon lòt nan Fakilte dwa nan Okap. Gwo konesans li vin gen nan lang lan fèl anseye l nan plizyè lekòl ak asosiyasyon nan tout peyi a. Li anseye tou espanyòl, anglè ak laten.
« Mwen kwè travay mwen kòm manm AKA pap twò diferan ak travay mwen kòm pwofesè lang kreyòl depi 1996. Menm lè se pral yon tach k ap mande plis teknisite, plis toterans, plis rechèch, ak sipò tout ekip la, nan fwote lide yonn ak lòt n ap rive fè yon travay valab pou mete lang la kanpe sou de pye militè », se sa li fè konnen pandan Li kwè lap reyisi.

Emmanuel Thélusma
Auteur


Accueil | Contact | Plan du site | |

Creative Commons License

Promouvoir & Vulgariser la Technologie