MosaikHub Magazine

Rosilia François Corneille : yonn nan nouvo gadyen lang kreyòl la

mercredi 14 mars 2018 par Charles

Yon kokennchenn fanm ki fè yon bann ak yon pakèt esperyans nan koze lang kreyòl entegre Akademi Kreyòl Ayisyen. Rosilia François Corneille asepte misyon sa pou l ka bay gwo bourad pou lang sa ka rive pale e respekte nan tout peyi a. « M ap bay tout mwen menm pou sa ka rive fèt tout bon vre », se sa li deklare.

National -

Li gen 42 lane. Se yon pitit fi Plato santral. Li soti nan yon zòn ki rele Lamesèt ki nan komin Sèkalasous. Nan lane 1996, Rosilia François Corneille antre nan Pòtoprens pou zafè Inivèsite l. Lè li rive li etidye jesyon nan Inivèsite Kiskeya. Li pran yon diplòm nan kominikasyon ak jounalism nan KOPRATEL. Anplis, li gen yon diplòm nan Kontablite nan Sant Pilòt epi li aprann grafis nan lekòl pwofesyonèl Alyans (Alliance). Li se yon fanm marye e li gen yon pitit fi.
Rosilia François Corneille kòmanse mare sosis tout bon vre ak lang kreyòl depi li te tou piti nan lekòl li. Rapò li te vin tabli ak lang lan, te fè l pi pwòch peyizan yo. « Relasyon mwen ak lang kreyòl la kòmanse depi m te tou piti. Kote Pè Jan Out te konn resevwa Jounal Bon Nouvèl la nan pawas Saltadè. Lè sa a, jounal la t ap vann dis kòb. Se te yon plezi pou mwen apre lamès pou n al fè distribisyon jounal la bay peyizan yo », daprè sa li fè konnen. Ki donk ede pèp la li kreyol, pale kreyòl te pasyon l. Rosilia François Corneille di li kwè lang kreyòl ap jwe yon gwo wòl nan reyisit elèv yo si lekòl ba li plas li merite.
Nan sans sa, li esplike gwo wòl aprentisaj kreyòl te jwe sou li lè li te lekòl. « Lè mwen te lekòl, se ak pwomosyon pa m nan yo te koumanse ak refòm Bèna a. Nan pwomosyon m nan, nou tout te reyisi. Se yonn nan bagay ki fè m konprann lè ou aprann nan lang manman ou ou aprann pi byen », sa se temwanyaj pa li.
Rosilia François Corneille pwofite raple kèk rechèch nan lengwistik ak nan syans edikasyon ki montre nou aklè se lang manman timoun yo ki ka ba yo fondasyon solid pou yo aprann tout lòt matyè, tankou syans, matematik, literati, epi aprann lòt lang tankou franse, angle, panyòl, elatriye.
Responsab sal redaksyon jounal Bon Nouvèl la, Rosilia François Corneille, fè konnen tou li pral batay pou kreyòl la jwenn vrè plas li bezwen an nan fè pwomosyon lang lan epi tou li pral mennen yon gwo batay pou ede Akademi an akonpli misyon l. « Li ta bon si Akademi an ta pran dispozisyon pou ede popilasyon ayisyen an jwenn tout sèvis li bezwen nan lang kreyòl la », se yonn nan objektif Rosilia François Corneille bay tèt li nan Akademi an.
Selon sa l di, se direksyon jounal Bon Nouvèl ki pwopoze l nan Akademi kreyòl la. Nan jounal Bon Nouvèl la, Rosilia François Corneille fè 16 lane ap travay. « Ane sa a fè mwen 16 lanne depi m ap fè pwomosyon pou lang kreyòl la ak kilti pèp ayisyen an. Ki fè, lang kreyòl la makònen ak istwa m kòm moun k ap travay nan jounal Bon Nouvèl », daprè sa li rakonte. E li pwofite site kèk atik li pibliye nan jounal sa pou kore lang lan : Kanpay nasyonal sansibilizasyon sou kafe an Ayiti (2002), Yon sèl drapo pou yon sèl pèp (2003), Kabrit Tomazo menm plim menm plimay (2004), Mouvman vin pi moun, yon defi, yon reyalite (2012), Claude Pierre, yon gwo mapou, tonbe (2017) ak ki lekòl pou ki sosyete (2017).
Jounalis jounal Bon Nouvèl la prezante tèt li kòm yonn nan moun ki tanmen batay pou Akademi Kreyòl te pran nesans nan peyi a. « Mwen menm (Jounal Bon Nouvèl) ak Rachel Beauvoir-Dominique (Vodou) epi Inivèsite Leta, se 3 enstitisyon sa yo ki te koumanse ak aktivite pou mete yon akademi kreyòl sou pye. Mwen te yonn nan manm òganizatè kòlòk oktòb 2011 la. Mwen te manm komite pou tabli Akademi kreyòl ayisyen an », li fè deklarasyon sa yo pou li ka jistifye plas li nan Akademi kreyòl ayisyen jounen jodi a.

Emmanuel Thélusma
Auteur


Accueil | Contact | Plan du site | |

Creative Commons License

Promouvoir & Vulgariser la Technologie