MosaikHub Magazine

Mesaj Rektè Inivèsite Leta a nan okazyon Jounen Entènasyonal Lang ak Kilti Kreyòl

lundi 31 octobre 2016

28 oktòb. Jounen Entènasyonal Lang ak Kilti Kreyòl. Pandan n ap swete tout konpatriyòt, tout zanmi nan tout zile kreyòl nou yo, tout tokay nou nan Akademi Kreyòl Ayisyen an yon bon jounen kreyòl, Inivèsite Leta a envite nou fè yon ti refleksyon sou tèm jounen an : Pou ki sa yon jounen lang ak kilti kreyòl ? Pou ki sa yo marye lang ak kilti kreyòl ? N ap tou pwofite poze kesyon sou wòl lang ak kilti nan lavi yon kominote, nan devlòpman, nan ekonomi.

Lang ak kilti

Lang ak kilti pa depaman. Youn pa mache san lòt. Lang ak kilti se lanvè ak landwat yon menm reyalite. Lang se nanm kilti, lang se ekspresyon kilti. Se fason nou konprann reyalite pa nou, reyalite mond lan. Lang enpòtan pou jan nou òganize panse nou. Se sa ki fè li enpòtan anpil pou nou konprann ansèyman lang pa chita sèlman nan gramè. Pwovèb, chwa mo nou itilize, chwa konsèp n ap kreye bay anpil ransèyman sou fason nou panse. Nou dwe sèvi ak lang ak kilti kreyòl pou nou laji konpreyansyon timoun nou yo, pou yo konprann sosyete yo ap viv la, pou tabli bon jan konprann nan mitan yo. Nou dwe sèvi ak lang ak kilti kreyòl pou ini nou, pa pou divize nou. Nou dwe travay pou nou genyen yon lekòl pou Ayiti. Yon lekòl pou sèvi fondasyon yon Ayiti kote tout dwa moun respekte. Nou fete lang ak kilti kreyòl nan mwa oktòb. la se yon okazyon pou nou reflechi sou noumenm. Pawòl n ap pale pa dwe yon pawòl anlè. Pawòl nou dwe gen bon jan aksyon dèyè l. Aksyon pou nou vanse nan kreye yon sosyete djanm.

Men èske yon sosyete djanm vle di yon sosyete ki pa aksepte diferans ?

Diferans nou se richès nou

Èske Ayiti se yon sosyete miltikiltirèl ? Gen moun ki ap di wi, gen lòt ki pap dakò. Dakò ou pa, gen yon reyalite nou pa ka bliye : kilti ouvè lespri nou sou kijan lòt moun panse, kijan yo ap viv. Souvan moun ki ap viv nan vil pa konprann lòt ki ap viv “an deyò”. Mwa lang ak kilti kreyòl dwe fè nou reflechi sou nesesite pou nou brase nan lekòl eksperyans lavi nan vil ak lavi “an deyò”. Pou nou bay moun nou di ki “an deyò “yo tout valè yo merite, nou dwe òganize sòti nan tout rakwen peyi a pou timoun lavil al wè timoun nan mòn, pou timoun nan mòn vini wè timoun lavil. Lè Akademi Kreyòl la deside laji jounen lang ak Kilti kreyòl la poul selebre l pandan tout mwa oktòb la, sa ta dwe yon okazyon pou nou reflechi tout bon, san ipokrizi, sou ki sosyete nou vle nan 10 zan, nan 15 zan. Yon sosyete kote moun lavil pa kwè li siperyè moun yo di ki “an deyò”. Gen diferans nan mitan nou se vre. Men nou gen plis rezon pou n rasanble. Nou gen plis rezon pou n vanse ansanm. Nou tout se Ayisyen. Nou gen menm pase, nap viv menm kote, nou pale menm lang.

Pale menm lang dwe sèvi nou pou nou brase lide sou objektif nou dwe tabli ansanm pou nou ka rasanble fòs nou.

Ekonomi, lang ak kilti kreyòl

Kilti marye ak ekonomi. Mwa lang kreyòl la dwe aprann nou apresye sa nou fè lakay nou. Pa gen kòdonye ayisyen ankò, nou ba bwè akasan ankò. Anpil, anpil Ayisyen ta ka travay si nou deside chanje konpòtman nou, nan jan nou manje, nan jan nou abiye. Si ou pa fyè de tèt ou, ou pa ka bay kilti ou valè.
Si ou pa achte lokal, ou pa ka kontribye nan devlopman ekonomi peyi ou.

Mwa lang ak kilti kreyòl dwe fè nou reflechi sou tout pwoblèm sa yo. Si nou kòmanse poze pwobèm yo san ipokrizi, mwen kwè nou ap rive jwenn solisyon yo. Mwen swete nou òganize deba piblik sou wòl yon lekòl tou nèf ki dwe fasilite brasaj sosyal la. Nou dwe òganize anpil chita tande sou kontribisyon lang ak kilti kreyòl nan ekonomi peyi a. Nan radyo, televizyon, jounal, nan lekòl, nan inivèsite, tout kote, pawòl sa yo dwe pale pi plis. Pawòl sa yo dwe okipe lespri nou pi plis. Pawòl ki pou fè n reflechi sou sa n ye, sa n ka fè, sou defo nou, sou kalite nou, sou kote n vle rive, kote n ka rive, kote n dwe rive.

Noumenm nan UEH la, nou pare pou nou jwe wòl pa nou kòmsadwa nan mouvman sa a. N ap pwofite di angajman nou pou nou kontinye kore lang kreyòl la, Akademi Kreyòl la, pou pèmèt lang ak kilti kreyòl la toujou pi djanm.

Nou kontan fè sonje wòl nou nan mete Akademi Kreyòl la kanpe. Nou kontan wè jan Kenzèn Kreyolofoni Fakilte Lengwistik Aplike a te byen pase.

Nou kontan wè kijan kreyòl la ap pran plis jarèt andedan UEH la, nan pale tankou nan ekri. Nan ansèyman, nan rechèch, nan reyinyon syantifik, nan aktivite kiltirèl, nan manifestasyon ofisyèl, elatriye.

Pou lane 2016 sa a, nou pran yon gwo angajman. Nou deside tabli yon veritab politik lang kreyòl anndan UEH la. Nou gentan mete kanpe yon komisyon k ap travay sou sa.

N ap kontinye vanse.

Mèsi anpil

Fritz DESHOMMES
Rektè Inivèsite Leta a
Akademisyen Kreyòl


Accueil | Contact | Plan du site | |

Creative Commons License

Promouvoir & Vulgariser la Technologie