MosaikHub Magazine

Diskou pou m aksepte chwa Òganizasyon Pèp k ap Lite (OPL) kòm kandida Prezidan

mardi 19 mai 2015

Larepiblik
Chè kamarad OPL
Chè delege
Distenge envite
Chè zanmi m nan kat kwen peyi a
Nan non OPL ak nan non tout frè konba m nan komite egzekitif nasyonal la, nan non tout kamarad sanparèy ki sòti toupatou epi nan pwòp non pa m ak tit Kòdonatè jeneral, mwen gen lonè pou m adrese nouyon sali fratènèl. M ap viv yon kokenn chenn plezi lè m wè tout kantite kamarad ki reponn prezan aenvitasyon sa a. Mwen santi m konble ak lajwa lè map gade foul la mwen konstate nan mitan tout figifamilye sa yo prezans plizyè konpetitè, lòt reprezantan pati politik rekoni an menm tan anpil pèsonalite kisoti nan milye medyatik la kòm nan sektè kiltirèl, entelektyèl, inivèsitè, ak anpil gwo zouzoun sektè afè a.Mwen di nou mèsi poutèt nou ansanm avè m jodi a.
Medam,
Mesye
,Distenge envite,

Lè OPL deside chwazi kandida li nan eleksyon prezidansyèl 2015 yo pa mwayen yon eleksyon primèfèmen, li tou chante libera tout pratik neopatrimonyal ak kliyantelis depase yo, kote fondatè yon patideklare se byen prive li epi tou li se kandida natirèl avi a laprezidans. Tandans egosantrik sèl mèt sèlmètrès sa a te toujou yon obstak kolowòch ki bloke deba anndan pati yo ; li te anpeche tou emèjansnouvo lidè, fèmen wout pou jenn moun yo epi bloke tout chans modènizasyon sistèm politik peyi a.OPL espere kokennchenn eksperyans sa a nan anal listwa mouvmante Ayiti cheri nou an ap pouse rasin.Se yon mesaj pisan OPL voye bay tout nasyon an : wi nou kapab reyalize lakay nou eleksyon primè kredibavèk ti mwayen. Menm jan nan ka nenpòt pati nan peyi demokratik yo, kalte konpetisyon sa yo kreye kèkgwo moman tansyon ki pa dwe kite plas a ankenn rankin ni disansyon nan mitan moun sivilize. Se yon bèlokazyon pou m felisite tout manm ak senpatizan pati a, plis pase plizye milye delege ki te pwononse yoak bilten vòt yo, yon gwo kout chapo pou Komisyon elektoral la ak tout kandida yo ki te aksepte règ jwètla epi ki te patisipe nan egzèsis demokratik sa a.Pou tèt sa mwen vle temwanye isi a, nan moman sila a tout gratitid kè m ak pi bon konpliman m kajwenn pou senatè Edgard LEBLANC Fils, François Anick JOSEPH ak Francisco De La CRUZ pou patisipasyonaktif yo nan kalte primè tou nèf sa a ki reyalize san patipri epi ki ranfòse repitasyon OPL kòm pati modèn.

An definitiv se pa yon venkè sèlman ki sòti nan primè sa a men yon pati ranfòse ki pare pou mennen sanfòs kote batay pou chanje Ayiti nou an.Se moman tou pou m eksprime pwofon gratitid mwen pou madanm mwen Gina ÉTIENNE, ki konte poumwen anpil, epi ak pitit mwen yo : Shakwana ak Garaudy ÉTIENNE. Yo tout, kit se lè yo anndan, kit se lèyo deyò peyi a toujou akonpaye m ak anpil afeksyon ak anpil kouraj nan lit m ap mennen pou yon Ayitirenove. Soutyen san limit, san kalkil, san fè bak yo pote pou mwen ogmante kouray patriyotik mwen souwout long konba polititk m ap mennen an ki konn fè m anpil fwa neglije sou atansyon m ta dwe pote yo.Gina ou se pi bon mwatye nan mwen menm ki la ak mwen pa gen ase bouch pou m di w mèsi. Yon trègran mèsi. Mèsi paske w te soutni m. Mèsi paske w te toujou sou kote m nan moman pi difisil yo.Shakwana pitit fi m cheri, Garaudy gason mwen, lanmou papa nou pou nou pa gen fwontyè
.Medam,
Mesye,
Delege ki sòti nan kat kwen peyi a ak nan dyaspora a pale, wi yo pale epi yo chwazi mwen nan Leta Floridepi sou tout teritwa nasyonal la kòm pòt drapo OPL nan eleksyon prezidansyèl la. Mwen aksepte lonè saa. Wi mwen redil, Mwen aksepte lonè sa a ki touche m nan fon kè m. Mwen di tout kamarad mwen mèsi,mèsi, mèsi... Mwen p ap fè nou wont. Kidonk chè kamarad, mwen angaje m devan nou tout la a epidevan Nasyon an pou m pote ale, esplike, defann Pwogram kenkennal OPL la bay tout sitwayen, toutsitwayèn nan vil yo ak tout ti bougad ki pi rekile nan peyi a. Anpil moun ka di pwogram sa a vas, lianbisye, se kapab vre, men se chemen sali a. Paske estrateji devlopman OPL la dwe reyalize pwen silayo : refonde Leta-Nasyon an, sekirize tout Ayisyen, tout Ayisyèn, rekonkèt diyite nou ak souverènte nou,desantralize, relve kalite edikasyon depi nan nivo primè rive jis nan nivo inivèsitè ak teknik, valorizepatrimwan istorik ak kiltirèl epi reyalize entegrasyon total Ayisyèn ak Ayisyen k ap viv aletranje yo.Byen Chè zanmi,Peyi nou an, Ayiti cheri, ap viv depi plis pase 50 tan yon sitiyasyon kaotik ki parèt san espwa. Toutprezidan ki pase pandan epòk anvan yo sanble plis t ap fè konkou pou wè kiyès ki pi maton nan krazepeyi, ki konn fouyetwou pi fon pou lage pèp ayisyen nan mizè jiskaske yo pouse do yo ann egzil. Anbaadministrasyon moun sa yo pandan peyi a anba bòt etranje, nou sibi yon dezas imanitè double ak yonkatastwòf ekolojik kifè nou tounen yon sijè mokri ak imilyasyon pou lacharite kominote entènasyonal la.Pa ta dwe gen ankenn peyi ki ta dwe kapab sòti nan yon sitiyasyon malouk konsa, sitou yon peyi kap vivyon sitiyasyon enstabilite kronik. Li nesesè pou n pase yon vitès plis ke siperyè. Nou dwe akselere listwaOBLIGATWAMAN. Konpatriyòt mwen yo, avèk pouvwa OPL la, Ayiti pap janm yon Leta defayan ankò, yonLeta delabre avèk yon pèp ozabwa, k ap chèche tout ti twou pou l foure kò l, tout kote pou l sove ale.Ansanm avèk OPL, mwen nouri yon gwo pwojè pou peyi nou an ki fin pèdi tout san l. Mwen fè sèmansolanèlman, m ap batay tout rès vi m pou sa rive.

Pwoblèm yo konplike anpil, yo parèt pi gwo pase peyi a kòmsi yo san solisyon. Pa gen travay pou jennmoun yo, klas mwayenn nan ap vin pi pòv chak jou, peyizanri an pa ka jwenn tè, lap depafini. Peyizan yokite patlen kote yo te fèt la pou yo vin abite pil sou pil nan bidonvil yo. Klas ouvriyè a preske pa egziste lènou konnen pa gen izin, faktori oswa endistri pou absòbe l. Sektè prive a paka konte sou Leta menm jansa fèt nan lòt peyi yo pou pwoteje envestisman l yo kont vyolans, kontrebann, koripsyon epi kontensekirite fonsyè. Sektè prive nou an, ki dekapitalize, pèdi kontwòl faktè pwodiksyon yo e li pa foutipatisipe nan kondisyon sa yo nan okenn plan devlopman ekonomik peyi a, ni tou li paka kenbe konpakonkirans avèk sektè prive lòt peyi yo.Lè nan yon peyi, pwofesyonèl yo tankou polisye, medsen k ap travay nan lopital piblik yo, enfimyè,anseyan, nan tout nivo primè, segondè, inivèsitè, militè oswa ansyen militè, o swa nenpòt anplwaye Letanan fonksyon piblik la, alevwa pou anplwaye meri yo hmmmmm, wi lè divès kalite travayè sa yo pa kapabviv ak kòb yo touche a, se pi gwo endis ki di degre apovrisman tout kouch sosyete ayisyèn nan desanntwò ba. Kondisyon travay yo pa pi rasiran pou majorite anplwaye sektè ki pa Leta tou sa vle di sektè prive,sektè ONG ak lòt kalite anplwayè. Menm etranje k ap viv nan mitan wè klè nan sitiyasyon sa a : ajankonsilè anpil peyi etranje pa dakò bay pèsonèl sektè sa yo viza vizitè akòz yo paka kache ti mwayen laviyo. Yo plis sanble ak posib kandida migran ilegal.Nasyon an ap gade nou, sètènman li gen pou l mande règleman nan men tout sila yo ki lage l nankatyouboumbe sa a, nan anachi, koripsyon ak mizè san non sa a. Tablo a sonb anpil, eslogan, atak mounkont moun oswa pawòl kabalistik majik se pa yo k ap retire n nan move pa sa a. Ane 2015 sa a fè 100 tandepi nou te pran anba premyè okipasyon militè meriken. Ala doulè pou memwa nou. Se sa k fè nou pakapwolonje pi plis lagoni Nasyon an avèk politik ti bout kouto, mezi longè nen nou, kote se lanbisyonpèsonèl ak swaf jwisans ki se premye motif jwèt politik sa yo. Elas, nou tout tounen bwa dan tout pèpsou late, pi move egzanp yon Leta an fayit, yon Leta efondre, dechalbore. Lamandisite pa janmreprezante yon altènativ nan ankenn pwosesis devlopman listwa limanite. Eske se pou nou kache anbatab, eske se pou nou pete tonbe kriye oswa pou nou lage chaj la sou zòt pandan n ap kontinye di : ‘se pafòt mwen’ epi pou n repoze nou sou do zansèt yo ak papa lwa yo ?

Medam, Mesye,Sitiyasyon sila a paka dire plis pase sa. Nou pa kapab kontinye ak kalite politik kriminèl pou n kite p`epayisyen an nan grangou epi pou n imiliye anko. Sof yon lidèchip eklere ki pote yon pwojè ranpli ak lidetounèf ki ka rasanble tout fòs viv Nasyon an alantou valè ki rele entegrite, onètete, fèmte, fratènite akjistis pou tout moun, lidèchip sa a sèl va pèmèt nou wè ti filyè limyè nan bout tinèl la.Chaj mwen aksepte nan men nou jodi a kòm kandida a laprezidans pati a pra l fè m mete tout enèji mdeyò nan jou k ap vini la yo pou m konvenk tout konpatiman vital soyete ayisyèn nan Pwogram kenkenal(2016-2021) OPL la kadre ak reyalite a, li alapòte tout moun epi li pou tout moun. Se rezilta anpil travayechanj ak dyalòg lan nuit kou lajonen ant diferan konpozant nasyon an Ayiti ak nan dyaspora a. Enèji pam yo pral ranfòse avèk pa ekip kanpay OPL yo ki pral gaye nan tout peyi a ansanm avèk twoup avangadispati a pou nou mobilize pèp ayisyen an pou garanti pouvwa pwojè sa a.Mwen lanse yon apèl bay tout Ayisyèn ak tout Ayisyen pou yo vin jwenn ekip vizyonè sa a pou yo angajeyo sou kote nou nan chimen larezon an, Twazyèm Vwa a : se sèl vwa ki ka kreye yon klima lapè pounasyon an eksprime chwal lib elibè.Devan atant lejitim pèp ayisyen an, OPL pare.
Mwen menm tou mwen pare.Pòtoprens,
jou ki 16 me 2015
Sauveur Pierre ÉTIENNEKandida pou plas Prezidan Larepiblik


Accueil | Contact | Plan du site | |

Creative Commons License

Promouvoir & Vulgariser la Technologie