MosaikHub Magazine
Michel-Ange Hyppolite :

« Lang kreyòl la bezwen èd nan divès kategori… » (Premye pati)

jeudi 3 mars 2016

Connaître nos Académiciens/Aprann konnen Akademisyen nou yo # 18 Nan kad pouswit ribrik Konnen Akademisyen nou yo, nap prezante piblik la nan nimewo sa a, Michel-Ange Hyppolite ki gen tinon Kaptenn Koukouwouj. Edikatè, pwofesè lekòl, l ap viv nan peyi Kanada kote lap dirije yon asosyasyon ki pote non Rezo Entènèt Kreyolis Ayisyen (Reka).

Mirline PIERRE
Le Nouvelliste (LN) : Di nou ki moun ki Michel-Ange Hyppolite (Kaptenn Koukouwouj) ? Ki fòmasyon akademik li ?

Ki aktivite li ?

Michel-Ange Hyppolite (M-A.H) : Mwen kab di ou, mwen grandi sou Bèlè, nan pye Madan Kolo. Espas, kote mwen te konn fè jwèt sòlda mawon, fè lago tout boulin, ki, nan granmoun mwen, pèmèt mwen rele tèt mwen Kaptenn Koukouwouj. Jounen jodi a, Bèlè vin yon dezolasyon, menm jan ak anpil lòt kote mwen te abitye jwe boul anndan Pòtoprens lè mwen te piti.
]
Mwen fè yon pati nan klas primè mwen nan Petit Séminaire Collège Saint Martial epi yon pati nan École Mixte du Sacré Cœur avèk Roger Jacques epi Jacques Martinez. Mwen fè yon pati nan klas segondè mwen nan Centre d’ Études Secondaires, lekòl ki te sou direksyon Dr Pradel Pompilus, pwofesè Jean Claude epi Pierre Riché. Mwen konplete etid segondè mwen nan Collège Les Humanités sou direksyon Frank Etienne. Mwen kite Ayiti nan ane 1971. Lè mwen rive nan peyi Etazini, mwen te ale nan Essex County College, kote mwen te gen yon premye diplòm nan domèn lasyans. Apresa, mwen te ale nan Jersey City State College, kote mwen te gen yon bakaloreya nan byoloji. Pi devan, mwen te rantre Kanada, kote mwen te ale nan Université du Quebec à Montréal, epi Université d’Ottawa, pou mwen te etidye nan domèn edikasyon jouk mwen konplete yon metriz nan edikasyon.

Mwen ap viv Otawa, nan Kanada, depi 1984, kote mwen te anseye syans jeneral ak byoloji pandan 28 ane, nan Gloucester High School. Depi anvan mwen te pran retrèt mwen nan metye fè lekòl, jouk jounen jodi a, plezi mwen se yon angajman kominotè san limit epi devlòpman ak pwomosyon lang kreyòl Ayisyen an. Sa te pèmèt mwen fè demach nan Ministè Edikasyon Ontaryo pou yo te rekonèt lang kreyòl la nan kourikoulòm yo kòm lang etranje yo kab anseye nan pwovens lan, epi ki pèmèt moun ki pran kou lang sa a, genyen yon kredi nan bilten eskolè yo.

Pasyon mwen pou lang kreyòl la kòmanse boujonnen gras ak yon emisyon radyo ki te konn pase nan Radyo Karayib, Emisyon Solèy, apati ane 1965 jouk rive ane 1969, dat kote rejim François Duvalier a te fèmen emisyon an, epi lage prensipal animatè li yo nan prizon Fò Dimanch, anpil moun pran abitid rele Fò lanmò. Animatè Emisyon sa a, se te Doktè Ernst Mirville (Pyè Banbou), Henri Claude Daniel ( Jan Tanbou ki mouri Fò Dimanch) respè pou li, Jan Mapou ( Jean Marie Denis), Maryse Hyppolite, Émile Célestin Mégie (Togiram), elatriye. Se granmèsi emisyon radyo sa a, ki te chita sou lakilti epi sou lang kreyòl la, mwen te vin konprann lang kreyòl la se yon lang menm jan ak tout lòt lang sou latè, men, li te viktim anba tout kalite prejije sosyete nou an te taye pou li.

Mwen rantre nan peyi Etazini nan ane 1971. Mwen annik fin pran asiz mwen, mwen te kòmanse ap voye tèks an kreyòl, nan yonn nan emisyon radyo ki te pi popilè, nan epòk la, nan Nouyòk. Se te emisyon Lè Ayisyèn. Se gras ak emisyon sa a, mwen rive tabli militans sosyal mwen piblikman sou teren lang kreyòl la. Lè mwen te rive Kanada, nan ane 1980, mwen te rapousuiv avèk menm militans sosyal la. Se sa ki te vin mete mwen sou wout zanmi ekriven kou : Julio Jean-Pierre, Manno Ejèn epi ekriven kou Jean-Robert Placide, kote nou te pwofite lansman premye rekèy powèm mwen an, « Anba-Lakay » (1984) pou nou te louvri Sosyete Koukouy Branch Kanada. Pi devan, Mwen te vin kontre ak Mozart Longuefosse, Lenous Surprice, Sauveur Joseph Sauveur, Henri Robert Durandisse, Jude Jean-François, elatriye. Mwen dwe di tou, travay mwen kòm pwofesè lekòl, pa te anpeche mwen pataje tan lib mwen nan pwodiksyon literè mwen, sou yon bò, epi sou yon lòt bò, soutni jèn nan rejyon Otawa-Gatino a nan travay lekòl yo ak nan anrasinman kiltirèl yo. Aktyèlman, anplis chapo Akademisyen an, mwen se Vis Prezidan Biwo Santral Sosyete Koukouy, mann fondatè REKA (Rezo Entènèt Kreyolis Ayisyen) avèk Lionel Hogu epi Pierre Michel Chéry, Kowòdonatè Fowòm Antrèd ak Solidarite Ayisyen nan Otawa-Gatino (FESHOG) epi mwen se manm fondatè Samedi Littéraire Haïtiano-Canadien. Yon Akademi pou defann epi fè pwomosyon lang kreyòl la
LN : Di nou ki prensipal misyon w kòm akademisyen ? M-A.H :Misyon tout akademisyen parèt aklè nan misyon Akademi an, ki se pwomosyon lang kreyòl la, ak defans dwa lengwistik popilasyon an. Se sa manman lwa Akademi an rekonèt kòm misyon. Sepandan, kòm chak moun genyen yon rèv, yon objektif li ap travay pou li reyalize, mwen kab di, kòm Akademisyen lang kreyòl Ayisyen an, mwen bay tèt mwen de (2) misyon. Devlope yon langay teknik, nan branch konpetans mwen, nan lang kreyòl Ayisyen an, epi ankouraje larechèch nan divès branch literati ki ekri nan lang kreyòl Ayisyen an. Anfèt, se sa menm mwen ap fè aktyèlman avèk travay mwen sou woman nan lang kreyòl Ayisyen an epi devlòpman yon leksik sou sistèm miskilè nan kò moun.
LN : Ki enpotans yon akademi genyen nan yon sosyete ? Èske tout peyi ta dwe genyen yon akademi ?
M-A.H : Wòl yon Akademi nan kèlkeswa domèn li tabli a, se travay pou reyalize lekselans, fè pwomosyon pou branch ki pote non li an epi fasilite larechèch nan branch sila a. Lang kreyòl Ayisyen an bezwen èd nan divès kategori mwen fenk site la yo. Poudayè, li an konpetisyon ak lòt lang etranje, ki sou teren an. Anplis, li genyen tout kalite prejije ki mare feso sou do li. Se poutèt sa, mwen ap di san ezitasyon, li bezwen yon Akademi. Sepandan, pou Akademi sa a ranpli misyon li, fòk li genyen sipò Leta. Fòs sa a, Leta pral bay Akademi an, ka pran tout kalite fòm nesesè ki pou pèmèt Akademi an kenbe eskanp li nan tout nivo misyon li bay tèt li a ; fòs la se akonpaye Akademi an nan travay li ap fè pou dwa lengwistik popilasyon an kapab jwenn respè sou tout teritwa nasyonal la tankou aletranje. Fòs Leta a enpòtan. An nou sipoze, yon prefè disiplin ba yon elèv lekòl yon senbòl poutèt li pale kreyòl. Akademi an ap kab fè timoun lan konnen se dwa li pou li pale lang matènèl li, men, se pouvwa Leta genyen sou enstitisyon sa a, ki pral fè direksyon lekòl la rekonèt dwa lengwistik timoun lan, ki viktim kalite abi sa a. Akademi an kab di se pou tout enstitisyon eskolè kòmanse lekòl nan lang matènèl tout Ayisyen, paske aprantisay fèt apati sa ou konnen deja pou ou al debouche sou sa ou poko konnen. Sepandan, si Leta pa tabli siveyans fèm, genyen anpil enstitisyon eskolè nan peyi a, ki ap chwazi fè otreman. Epitou, nou pral genyen de (2) kategori sitwayen anndan peyi a. Pi devan, yonn pral konfwonte lòt epi nou pral kontinye genyen yon henghang san rete nan lavi nasyonal nou.

Sou pati kesyon an, kote ou di : « Èske tout peyi ta dwe genyen yon Akademi ? » Mwen kab reponn, chak peyi viv esperyans istorik pa li nan fason pa li. Si pa te gen prejije kont lang kreyòl la nan peyi a, petèt nou pa ta wè nesesite pou gen yon akademi kreyòl. Se reyalite peyi a, devan egzijans syantifik yo nan domèn lengwistik, nan sikoloji, nan didaktik ki fè Leta, nan peyi nou an, oblije kreye yon enstitisyon ki pou reflechi inikman sou pwoblèm lang kreyòl la anndan peyi an, epi nan tout aspè li yo.

Nan ka Ayiti a toujou, sitiyasyon an tèlman grav. Lè genyen branch lakonesans ki ta merite yon akademi , epi ki poko genyen li, gen gwoup ki gen enterè nan branch espesifik la anndan sosyete a, ki deside mete yonn sou pye. Se ka GRAHN ( Gwoup Refleksyon ak Aksyon pou yon Ayiti tou Nèf), ki remake eta lamantab devlopman lasyans sou tè Ayiti, epi ki deside kreye yon akademi pou lasyans anndan Ayiti. Anfèt, premye reyinyon pou lanse akademi pou Lasyans an Ayiti te fèt nan dat 8 janvye 2016, nan Inivèsite Kiskeya.


Accueil | Contact | Plan du site | |

Creative Commons License

Promouvoir & Vulgariser la Technologie